Referandòm Konstitisyon an: Men Kijan Kominote Entènasyonal la ap Sipòte yon Atanta Ilegal pou Kontwole Pouvwa

06/09/2021 12:00am

Nouvo Konstitisyon : Noup Vote

Nan moman bilbòd sa yo plakade nan tout Pòtoprens ak tout rès peyi a, gouvènman an lanse yon dènye bourad nan planifikasyon referandòm ki te gen pou dat 27 Jen 2021. Gouvènman an òganize “deba” televize, li enprime bilten, l ap fè presyon sou òganizasyon entènasyonal, epi tou l ap travay sou fondasyon sa li panse ki se yon efò nesesè pou li mete gouvènans Ayiti a sou chimen siksè.

Pwoblèm lan ? Se yon ti gwoup moun sèlman k ap fè kanpay. Gen yon dal òganizasyon sosyete sivil, òganizasyson kominotè, ak pati politik ki konteste efò sa a ; yo di referandòm lan se yon pwojè ilegal ki gen pou sèl objektif mete plis pouvwa nan men Jovenel Moïse. An verite, nan dènye semèn sa yo, yon bann aktè politik lanse yon apèl bay popilasyon an pou yo revòlte kont referandòm lan epi itilize tout taktik yo kapab pou yo anpeche vòt la fèt. [Pou yon diskisyon pi detaye sou spesifisite refòm konstitisyonèl la, epi pou konprann poukisa tèlman gen moun ki opoze li, Haitian Studies Association te òganize yon chita pale avèk lidè epi ekspè Ayisyen sou sijè a.]

Se pa sèlman Ayiti k ap debat posibilite pou gen referandòm konstitisyonèl nan zòn lan. Ane pase nan peyi Chili, pi fò pèp la te vote an favè kreyasyon yon nouvo dokiman, epi mwa sa a, yo te vote pou yo mete nouvo reprezantan an plas ki pou kòmanse ekri nouvo tèks la. Yo atann yo aske travay konvansyon konstitisyonèl la pran plizyè mwa, apre sa vòt sou nouvo tèks la ta sipoze fèt an 2022, nan mitan ane a. Gen plizyè regilasyon ki mandate patisipasyon gwoup ki tradisyonèlman majinalize tankou fanm ak popilasyon Endijèn la nan peyi Chili.

An konparezon, dokiman Ayiti a se yon ti komisyon ki ekri l, e moun ki ladan l se moun Prezidan Moïse chwazi li menm. Jou kap 27 Jen, lè komisyon an mande Ayisyen pou yo ale nan biwo vòt, Ayisyen ap oblije vote sou tout kontni tèks la avèk yon senp “wi” oubyen “non,” malgre yo pa wè vèsyon final la. Se jis an Janvye ane sa a ke komisyon an pibliye yon premye vèsyon ki gen chanjman y ap pwopoze yo ; met sou sa, yo pibliye l an Franse sèlman, ki se yon lang majorite pèp ayisyen an pa pale. Yo pibliye yon vèsyon yo revize nan fen mwa Me, yon mwa avan vòt la fèt, e y ap planifye pibliye yon dènye vesyon nan mwa Jen an.

Semèn sa a, apre li rankontre M. Moïse, Anbasadris Amerikèn nan Nasyon Zini, Linda Thomas-Greenfield kanpe dèyè pozisyon ofisyèl kominote entènasyonal la ki di : jiska prezan, preparasyon pou referandòm lan pa “ase transparan oswa enklizif.” Pozisyon piblik Etazini se ke preferans li se pou gouvènman Ayisyen an ta fè plis efò pou òganize eleksyon lejislatif epi prezidansyèl nan fen ane sa a, anvan yo rivesou kontwovèsi konstitisyon an. Nan 17 dènye mwa sa yo, Ayiti fonksyone san palman, kifè tout pwosesis referandòm lan ap fèt ak Prezidan Moïse k ap dirije pa dekrè epi san siveyans lejislatif.

Gen anpil moun ki deja di pou yo, Jovenel Moïse pa ta sipoze nan Palè Nasyonal ankò, ale wè pou l ap òganize yon referandòm epi kreye yon nouvo konstitisyon. Ekspè nan chan legal la, òganizasyon dwa moun, antite relijye avèk yon dal gwoup òganizasyon sosyete sivil kenbe pozisyon yo : manda Jovenel Moïse fini 7 Fevriye 2021. Yo di refòm li yo illegal, epi met sou li, yo di pa gen mwayen pou eleksyon ki lib epi kredib òganize anba sipèvizyon li. Mwa pase, 69 manb kongrè Ameriken an te ekri Sekretè Deta Anthony Blinken pou yo eksprime akò yo.

An Avril, yon reprezantan Depatman Leta, Ned Price, di laprès konsa : “Nou di sa plizyè fwa : refòm konstitisyonèl lan se yon chwa pou pèp Ayisyen an fè.” Li ajoute, “Nou di gouvènman Ayisyen an : gouvènmen Ameriken an pa p bay sipò finansye pou òganizasyon yon referandòm konstitisyonèl.” Men, menm lè Etazini pa ta bay sipò dirèkteman, sa pa vle di ke politik li pa p, nan sans pa l, valide referandòm lan.

Sipò Silansye Kominote Entènasyonal La

Kominote entènasyonal la kontinye fè silans sou kesyon referandòm lan. Kore Gwoup, ki genyen kòm manb, Etazini, Kanada, Brezil, Lafrans, Inyon Ewopeyèn, Nasyon Zini, ak OEA te pibliye yon nòt an Avril tou kote yo te deklare pwosesis la pa t ase transparan ni enklizif. Malgre sa, aktè entènasyonal yo pa janm mande pou gouvènman Ayisyen an anile oswa ranvwaye referandòm lan. Met sou sa, ni Nasyon Zini, ni OEA ap sipote referandòm lan, malgre nòt piblik yo. 

De òganizasyon miltilateral sa yo bay asistans teknik bay komisyon k ap ekri nouvo tèks la depi fòmasyon li ane pase. OEA te menm ede ak revizyon tèks la pou li eseye retire aspè ki te pi pwoblematik yo nan vèsyon original la. Sou bò pa l, Nasyon Zini pwokire materyèl de vòt enpòtan pou konsèy elektoral la k ap fè referandòm lan tou ; yo genyen yon akò tou pou yo apiye yo nan lojistik òganizasyon vòt la. Met sou li, Nasyon Zini ap ede PNH ak strateji sekirite elektoral la. 

Asistans teknik sa a pa anyen devan ensistans kominote entènasyonal la pou eleksyon fèt ane sa a. Li enposib pou eleksyon yo separe de referandòm lan, e sipò òganizasyon entènasyonal sa yo pou eleksyon yo ap sèvi sipò pou referandòm lan tou.

Nouvo konstitisyon an t ap drastikman chanje anviwònman politik peyi a. Premyèman, li t ap ranplase pòs Premye Minis la avèk yon Vis Prezidan, yon ranplasman ki t ap aboli Sena a nèt. Epi tou, si tèks ki pwopoze a apwouve, l ap bay gouvènman an manda pou li mete yon nouvo lwa elektoral. Kòman pou yon moun pale de òganizasyon eleksyon nan kèlke mwa, lè pèsonn pa menm konnen ki pòs k ap genyen nan eleksyon oubyen anba ki lwa eleksyon yo ap fèt ? Klèman, eleksyon yo depann de sa ki pral pase an Jen an.

Met sou li, ensistans entènasyonal la pou eleksyon yo fèt kreye yon pakèt vag kritik sou tout pwosesis vòt la. Konsèy elektoral ki genyen kounya, se Prezidan an ki mete li pa dekrè, e a lankont lalwa ; kou kasasyon an te refize sèmante nouvo manb yo. Se menm konsèy elektoral sa a ki pral fè ni referandòm lan ni eleksyon yo nan fen ane sa a. Si yon moun ap mande òganizasyon eleksyon, pa defo, l ap sipòote òganizasyon referandòm lan tou.

Sipò Etazini pou konsèy elektoral ilegal sa a ale pi lwen toujou ; a travè USAID, gouvènman Ameriken an deja depanse USD $12.6 milyon depi Moïse kòomanse prezidans li, nan non sipò pou “pwosesis elektoral e politik.” Majorite lajan sa a ale jwenn antite ki baze Etazini tankou Enstiti Demokratik Nasyonal, Enstiti Repiblik Entènasyonal, epi Fondasyon Entenasyonal pou Sistèm Elektoral. Òganizasyon sa yo enplemante pwòp pwogram yo, kidonk yo gendwa pa sanble tankou y ap sipòte referandòm lan oswa eleksyon yo “dirèkteman”.

Nan mwa Mas la, Sekretè Adjwen pa Enterim la nan Biwo Afè Emisfè Lwès la pou Depatman Leta Etazini, Julie Chung te tweet : “Etazini atravè @USAID_Haiti, ap ede pèp ayisyen an prepare pou eleksyon yo nan bay @CEP_Haiti, sipò teknik, ranfòse pati politik yo ak ONG yo, epi ogmante patisipasyon fanm yo nan politik ayisyèn nan.”

Se vre Etazini gendwa pa finanse referandòm lan, men pa gen manti nan sa : prensip ak politik kominote entènasyonal la ap travay di pou referandòm ilegal la fèt kout ke kout.

Support Cepr

APOYAR A CEPR

If you value CEPR's work, support us by making a financial contribution.

Si valora el trabajo de CEPR, apóyenos haciendo una contribución financiera.

Donate Apóyanos

Keep up with our latest news