COVID-19 an Ayiti – Repons ak Obstak

Jou ki te 19 Mas la, prezidan ayisyen Jovenel Moïse te konfime 2 premye ka Kowonaviris nan peyi a. Depi lè a, nimewo a ogmante a 8. Pou li reponn a sitiyasyon an, prezidan an deklare yon eta dijans sou peyi a; li mande pou tout lekòl, faktori, legliz, peristil, ak lòt espas relijye yo fèmen; li mete entèdiksyon pou moun soti ant 8è nan aswè ak 5è nan maten, epi li fèmen fwontyè peyi a. Gouvènman anonse demach sa yo apre li te finn kanpe tout vòl kap soti nan plizyè peyi.

Premye ka ki te repòte yo te soti nan de moun ki te vwayaje nan lòt peyi. Li enpòtan pou nou note ke leta pa gen anpil kapasite pou li fè tès yo. Mèkredi 25 Mas, te gen 58 tès ki te fèt nan tout peyi a selon dènye rapò epidemyolojik yo. Ministè Sante Piblik anonse yon plan 37.2 milyon dola ameriken pou li konbat pandemi sa a. Òganizasyon lokal ak entènasyonal deja kòmanse travay sou yon repons.

Apre près 2 lane manifestasyon san repons nan men gouvènman an, sitiyasyon ekonomik Ayiti a te rann lavi a difisil pou majorite popilasyon an. Goud la pèdi valè, to a kontinye monte e gouvènman an pako jwenn mwayen pou li ogmante lajan kap fè ekonomi a mache. Gouvènman ayisyen an pa gen anpil resous fiskal ki pou ede l fè fas a pandemi Kowonaviris sa a, e fanmi ayisyen yo ki te deja ap fè fas ak lavi chè ap kontinye viv san yo pa konn sa k ap tann yo demen.

Gen plizyè fasèt ki konplete youn lot nan repons a viris la nan peyi dayiti. Youn dwe konsantre sou sistèm sante peyi a epi kapasite l pou li detekte, trete, epi kontni viris la. Lòt la dwe gade kapasite gouvènman an pou li etabli e aplike lwa ki ankouraje distans sosyal. An sa ki gen rapò ak dezyèm fasèt sa, li enpòtan pou gouvènman an konsidere kijan popilasyon ayisyèn lan viv, entèraji epi siviv, pou lwa ak desizyon gouvènman an ka efektif nan kontni viris la, pwoteje popilasyon an epi asire ke li gen aksè a byen nesesè yo.

Nan moman an, ka ki repòte yo se ka enpòte, men avèk difikilte gouvènman ayisyen an ap genyen pou li enpoze yon karantèn, gen anpil chans pou COVID-19 la gaye nan peyi a. Menm ke deklarasyon eta dijans peyi a te nesesè, fòk efò yo pa kanpe la. Fòk gouvènman an bay pèp la bourad ak sipò legal pou travayè ak pòv yo epi lajan pou sistèm sante peyi a. Nan sans sa a, kominote entènasyonal la jwe yo gwo wòl. Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal ak lòt òganizasyon devlopman entènasyonal dwe libere resous pou Ayiti ak lòt peyi k ap devlope pou yo ka byen reponn a pandemi sa a.

Sistèm sante a

Depi avan pandemi Kowonaviris la te rive Ayiti, sistèm sante peyi a te deja gen gwo difikilte. Dapre yon etid ke Research and Education Consortium for Acute Care in Haiti (REACH) fè, Ayiti posede sèlman 124 kabann swen entansif ak 64 respiratè atifisyèl pou yon popilasyon ki gen plis pase 11 milyon moun. Lòt ekspè nan sante piblik Ayiti estime chif sa yo ka pi piti. Se yon gwo pwoblèm paske anpil ayisyen antre nan kategori moun ki a gran ris pou maladi sa a.

Depi kounye a, gen rapò ki sot nan Lopital Inivèsite Deta Ayiti (HUEH) ki di pa vreman gen preparasyon ni resous pou pwoteje moun k ap travay nan lopital yo. Sa se lakòz anpil moun refize travay. HUEH te youn nan edifis ki pou te rekonstwi ak lajan devlopman entènasyonal men apre plis pase 10 lane, plan sa yo poko reyalize.

Sistèm sante Ayiti a depann anpil de aktè prive, ONG epi asistans ak don entènasyonal. Dr. Youri Louis di jounal Haitian Times la ke depi 2013, 64 pousan nan bidjè lasante Ayiti a baze sou èd entènasyonal. Nan plizyè pati nan peyi a, aksè a swen soti sèlman nan ONG ak aktè ki pa nan leta.

Nan yon sistèm ki fragmante, fòk kowòdinasyon an byen fèt. Nan sans sa a, li bon anpil ke òganizasyon nasyonal ak entènasyonal deja ap rankontre pou diskite epi kowòdone mekanis repons. Moun ki enplike nan koze lasante an Ayiti kapab kowòdone repons yo pa rapò a jan yo te reponn epidemi Kolera a, ki te simayen nan peyi a apre sòlda Nasyon Zini te entwodui l nan peyi a. Menm ke repons a epidemi Kolera a pa t bon, dènye lane sa yo wè efò ki pi byen òganize e ki mennen kèk devlopman pozitif.

Sandra Wisner ki travay nan Enstiti pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti (IJDH) di jounal Haitian Times la ke fòk repons gouvènman an bay kominote yo plis ankadreman:

Sa vle di aksè epi asire sèvis yo disponib poi kominote yo – kidonk rann tès, trasaj, ak tretman yo disponib kote moun yo ye; asire ke sant sante yo gen resous ak ekipman nesesè, e pou moun k ap travay sou teren yo gen resous yo bezwen pou yo bay pasyan yo bon jan sèvis.

Depi tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, Ministè Sante Piblik la te toujou youn nan enstitisyon gouvènman an ki resevwa plis don. Malgre sa, on gwo pòsyon nan asistans entènasyonal la pa rive sipòte sistèm sante peyi a. Li enpòtan pou efò k ap devlope pou fè fas a kriz sa a akse sou ranfòse sistèm sante nasyon an. Byen ke nan 10 dènye lane yo vinn gen ti amelyorasyon, depans pou sante piblik ak nasyonal pako ase e li redui anpil tou

Nan kad batay kont COVID-19 la, gouvènman ayisyen fè apèl a peyi Kiba pou asistans li. Gouvènman an anonse ke te gen 348 profesyonel lasante Kiben nan peyi a pou ede a repons lan, anpil nan yo te deja nan peyi a nan kad asistans jeneral a lasante nan peyi a.

Ekonomi a

Byen avan Kowonaviris la rive nan peyi a, ekspè yo te deja prevwa ekonomi ayisyen an te pral redui de 1% pou chak moun an 2019. Desizyon gouvènman an pran pou li fèmen biznis pral ajoute plis difikilte ekonomik. Strès ekonomik Kowonaviris la ap afekte dyaspora a tou e li posib tou pou nou wè yon rediksyon nan lajan dyaspora a konn voye Ayiti tou, ki se yon gwo sous pou ekonomi peyi a. Ekonomi ayisyen an depann de vèsman sa yo ki yo menm ka redui pandan kominote dyaspora a fè fas a pwòp difikilte pa li ak karantèn epi biznis ki ap fèmen.

Jesyon kriz sa a ap vinn pi difisil paske ayisyen depann anpil de ekonomi enfòmèl la. 60 pousan popilasyon an viv ak mwens ke 2 dola ameriken chak jou. Malgre gouvènman an mande pou tout biznis fèmen, reyalite a se ke anpil moun depann de ekonomi enfòmèl la pou yo siviv.

Nan sans sa a, malgre anons gouvènman yo, mache ak transpò piblik kontinye fonksyone. Mank direktiv pou chofè ak pasaje yo enkyete jounalis nan peyi a. Menm si piblik la okouran de viris la, sa pa chanje anyen, popilasyon an kontinye itilize transpò piblik pou li deplase ak mache piblik pou li manje. Gen plizyè sendika transpòtasyon ki fè rekòmandasyon pou chofè yo redui kantite pasaje pou bis ak taxi pran, men malgre sa leta poko pran inisyativ klè pou li bay direktiv pou ranfòse rekòmandasyon sendika yo epi jere koze transpòtasyon an.

Pandan gouvènman an mande pou tout faktori fèmen tou, li pako klè si gouvènman an ap bay sipò finansye bay travayè yo ki pral afekte. Antèn Ouvriye, ki se yon òganizasyon ki reprezante ouvriye ki travay nan fakotri, kritike gouvènman an poutet li pap asire salè yo pandan faktori yo fèmen. Mèkredi 25 Mas, Premye Minis Joseph Jouthe te anonse ke travayè piblik ak moun ki travay nan sektè tekstil la t ap resevwa lajan pou on mwa men li pako klè kilè sa t ap rive ni ki kantite lajan leta dispoze pou inisyativ sa a.

Pou li ka asire ke kominote yo ka pran aksyon pou yo pwoteje tet yo, fòk gouvènman an kontinye bay sèvis de baz tankou aksè a manje, dlo epi kouran. Kèk peyi deja kòmanse demach ki nesesè epi ogmante depans leta nan sèvis de baz ak pwogram sosyal. Anpil nan yo priyorize sibvansyone salè travayè yo epi lòt deja kòmanse distribye manje bay moun ki depann de aktivite jounalye pou yo siviv. Byen ke resous Ayiti limite, fòk repons gouvènman an gen mezi ladan l pou bay popilasyon an yon souf ekonomik, espesyalman pou machann, ouvriye, ak ti komèsan ki depann anpil sou ekonomi enfòmèl la pou yo viv.

Malgre tou, leta ayisyen depann anpil sou lwa fiskal tankou ogmante kredi atravè bank santral epi f on ti lage sou orè peman, byen ke s on bon bagay, demach sa yo pa p gen gwo enpak sou majorite ayisyen. Si pa gen vre asistans entènasyonal,  gouvènman an ka pa gen resous fiskal nesesè pou li asiste popilasyon an kòrèkteman nan kriz sa a.

Fenomèn monte pri a deja kòmanse e l ap mete plis strès sou yon popilasyon ki deja frajil. Youn nan rezon ki lakòz sa se ke chèn distribisyon manje an Ayiti repoze anpil sou manje enpòte, ki gendwa vin pi difisil pou jwenn nan sitiyasyon moman an. Pandan gouvènman an asire ke ap gen distribisyon manje, fòk li priyorize regilasyon pri manje yo tou pou yo pa monte twòp epi pwoteje moun k ap achte manje. Sa t ap on bon opòtinite pou leta envesti nan sektè agrikilti peyi a, sa t ap on rezon pou stabilize lavi agrikiltè ak machann epi yon bon opòtinite pou ranfòse pwodiskyon nasyonal.

Èd entènasyonal

Li enperatif pou nou rekonèt ke enkapasite pou leta ayisyen byen reponn a kriz sa relye a yon listwa dominasyon, okipasyon ak eksplwatasyon entènasyonal, an plis de plizyè lane move politik sou èd entènasyonal ki destabilize kapasite leta. Malgre sa, menm jan ak tranblemanntè 12 Janvye a, nou ka wè gouvènman ayisyen an pa p ka byen reponn ni jere kriz sa a san sipò kominote entènasyonal la.

Fon Monetè Entènasyonal la ak Bank Mondyal di nan yon deklarasyon ke y ap ankouraje tout “kreditè bilateral yo pou yo kanpe peman dèt peyi IDA ki mande abstansyon.” Byen ke majorite det Ayiti a konsesyonèl (prè yo akòde a to ki swa trè piti oubyen ki a zewo), sponnsò bilateral ak miltilateral ta sipoze kanpe tout koleksyon ak sèvis sou dèt pandan pandemi sa a. BID deja anonse ke yo etabli yon fasilite prè espesyal pou peyi ki enpakte nan pandemi Kowonaviris la.

Fon Monetè Entènasyonal la gen posiblite pou li bay yon vèsman san presedan bay peyi k ap devlope tankou Ayiti, gras ak yon alokasyon spesyal (an angle li rele Special Drawing Rights – SDR). FMI poko deside sou sa men se yon bagay l ap konsidere. Poutèt Ayiti gen yon ti rezèv ak on depandans sou pwodui enpòte, alokasyon sa a t ap bay leta yon bourad ki nesesè anpil.

Li trè pwobab ke si kriz la pwolonje, l ap mete plis presyon sou yon sityasyon ensekirite alimantè frajil nan peyi a. Anpil timoun depann de pwogram manje lekòl yo ki anpil fwa finanse pa òganizasyon entènasyonal. Asistans entènasyonal ap enpòtan nan asire ke gouvènman an ap ka touche kouch popilasyon ki pi vilnerab yo, men fòk aktè entènasyonal yo fè atansyon pou yo pa repete menm erè yo fè deja. Asistans manje ta sipoze ajanse pou li asire pwokiman manje lokal epi pou li sipòte pwodiksyon nasyonal.

Devlopman pandemi Kowonaviris la an Ayiti mande aksyon imedya e konsète de aktè lokal ak entènasyonal, men nan yon peyi kote echèk asistans ak entèvansyon entènasyonal evidan, fòk moun ki konsène nan repons lan fè tout sa yo kapab pou asire yon pi bon fiti pou peyi a.

Keep up with our latest news